top of page
IMG_1293.jpg

Vaksinasyon ak kontwòl deplasman zannimo yo

Avèk sistèm idantifikasyon an, gouvènman an pwofite okazyon an pou rewè sistèm kontwòl mouvman zannimo yo. Pou kore lide sa, yon nouvo lesepase konsevwa pou KAZEK yo itilize sou yon sèl fòm nan tout peyi a. Li sèvi sitou pou otorize deplasman zannimo sòti nan yon komin pou ale nan yon lòt. Nouvo fòm lesepase sa setou rezilta yon konsètasyon ant Ministè Lagrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR), Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal(MICT) ak Federasyon Nasyonal Kazèk yo (FENACAH).


Leta deklare kòm yon obligasyon pou vaksinen tout bèf kont maladi chabon.

Vaccination/déplacements: Service

Dispozisyon legal sou vaksinasyon ak deplasman zannimo yo

(Monitè, (2015) Arete sou règleman mekanis pou kontwole idantifikasyon, mouvman ak abataj cheptèl bèf, sa vle di bèf yo nan peyi a, 170èm lane No 146, p 6.)

Atik 5.- Nan respè atik 94 kòd Riral la, Leta deklare : kèlkeswa bèf ki sou tout tèritwa Repiblik la, yo dwe idantifye l epi ba l vaksen kont maladi chabon.

​

Atik 7.- Kèlkeswa bèf la, pou li jwenn lesepase pou li sòti nan yon komin, ale nan yon lòt komin, oswa pou yo fè nenpòt tranzaksyon komèsyal sou tèt li, fòk li gen pè zanno l, epi fòk kanè idantifikasyon ak vaksinasyon li montre li te pran vaksen kont maladi chabon.

lese-pase.jpg
Vaccination/déplacements: À propos
bottom of page