top of page
SIB anrejistreman KANE.jpg

Otofinansman sistèm nan

100% otonomi finansyè ak lojistik

Leta ayisyen te pran desizyon mete sou pye yon sistèm jesyon (zanno, kanè idantifikasyon, pens) ki responsab tèt li, ki gen pou wòl ; idantifye ak vaksinen bèt answit anrejistre enfòmasyon yo ak aktyalize baz done a. Sistèm nan te òganize gras ak yon petenarya avèk kèk òganizasyon nan sosyete sivil la ; delegasyon jesyon lojistik, finansyè ak kontab te konfye ak Federasyon Nasyonal Pwodiktè Lèt Ayisyen (FENAPWOLA), yon modèl patenarya piblik-prive ki bay bon rezilta jiska prezan.


Pandan faz entansiv idantifikasyon an, pou yo te patisipe nan efò kap fèt pou kanpay la, elvè yo bay yon kotizasyon 35 goud pou chak bèf ki idantifye.


Answit, nan lane 2015, nan fen kanpay la ak nan moman yap mete sistèm idantifikasyon pèmanan ak kontini an, kotizasyon elvè yo te fikse nan yon premye tan ak 100 goud pou chak bèf, aprè li vin monte ak 150goud, pou kounye a li ak 300goud.


Lè yon elvè bay 300goud, 150 goud rete pou paye ajan veterinè idantifikatè a. Rès 150 goud la, ajan idantifikatè a depoze li sou yon kont espesyal labank, ke FENAPWOLA jere sous sipèvizyon ministè lagrikilti. Depo ajan yo fè a pèmèt achete lòt zanno ak lòt kanè epi paye frè anrejistreman done yo, paye salè de baz pou 15 jesyonè pèmanan ak kouvri frè sipèvizyon jeneral pwogram nan.


Kotizasyon elvè a peye jodia vo ant 1 ak 2% valè bèf la.

Autofinancement: Service
bottom of page