top of page

Idantifikasyon ak baz done a

Pwodiksyon ak komèsyalizasyon bèf ak vyann bèf se youn nan premye aktivite agrikòl peyi a. Chaka ne, kantite vant (chif dafè) aktivite sa vo ant 150 a 200 milyon dola meriken; epi filyè sa gen pou wè ak anviwon 500 000 eksplwatasyon agrikòl fanmi ki gade plis pase yon milyon bèf.


Pandan 20 lane ki sot pase yo, elvè yo nan tout okazyon toujou plenyen pou sekirite bèt yo tankou youn nan pi gwo kontrent ki anpeche filyè a devlope. An reyalite, vòlè bèt ak abataj bèt nan dezòd ak ankachèt se de (2) fenomèn ki asosye youn ak lòt. 2 fenomèn sa yo ogmante pandan denye tan sa yo, sa ki vin pi gwo pwoblèm kwasans sektè a epi ki  fè sektè riral la pi pòv.


Sitèm idantifikasyon bèf yo mete sou pye nan lide pou ranfòse DWA mèt bèf yo epi pou tou mete disponib yon estatistik fyab sou filyè a, ak adrese pwoblèm enspeksyon veterinè nan abatwa yo, gras ak systèm kontwòl abataj bèf yo.


Anplis, system nan prevwa ranfòse santé bèf yo lè li fè vaksinen bèf yo kont malady chabon ak fè deparazitaj pou bèf yo nan moman yap idantifye yo. Entèvansyon sa pèmèt yo mete soup ye yon dinamik pèmanan nan bay swen prevantif veterin.  

​

Lis  1000 ajan veterinè kominotè yo.

Base/données: Services

Baz done a

Nan mwa avril 2013, Ministè lagrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman riral (MARNDR) demare premye operasyon pilot idantifikasyon bèt yo nan komin Limonade. Estatistik ofisyèl yo nan lane 2009 te resanse anviwon 77 000 bèf nan komin nan. Aprè 22 jou kanpay, plis pase 80 000 tèt bèf te deja idantifye.


Aprè evalyasyon faz pilot la, Ministè a lanse faz masiv idantifikasyon bèf yo nan 32 komin nan depatman Nò ak Nòdès, epi nan tout rès peyi a nan lane aprè a (2014)

Nan mwa jen 2016, pwogram nan te rive atenn objektif pou li idantifye 80% nan popilasyon bèf nan peyi a.

An fevrye 2020, se plis pase yon milyon de san mil (1,200,000) bèf  ki pou anviwon 485 000 mèt bèf ki deja anrejistre nan baz done enfòmatize a, ki disponib 24h/24.


Pandan lane 2017, 2018 ak 2019, gen ant 10,000 a 15,000 bèf ki idantifye chak mwa.


Avèk baz done sa a, Leta gen enfòmasyon presiz tankou :


Sou bèt

  • Dat idantifikasyon an ;

  • Nimewo zanno ak kanè ;

  • Seks bèt la ;

  • Dat nesans li ;

  • Dat vaksinasyon kont maladi chabon ;

  • Non mèt bèf la ;

  • Depatmen, komin ak seksyon kominal ;

  • Non ak Nimewo Ajan Idantifikatè bèf la ;

  • Chanjman mèt bèf la, si sa fèt ;

  • Dat ravaksinasyon ;

  • Dat kote li abat, si sa fèt

Sou mèt bèf la

  • Non ak siyati ;

  • Seks ;

  • Adrès(depatman, komin ak seksyon kominal) ;

  • Telefòn ;

  • Nimewo idantifikasyon nasyonal


Dènyè done ki anrejistre

Kantite bèf ki anrejistre nan baz done a,  sòti 2019 pou rive 2020

Janvye2019 :    18,627

Fevrye 2019 :      7,366

Mas 2019 :       18,353

Avril/me 2019 : 22,339

Jen 2019 ;        11,536

Jiyè 2019 :     10,943

dawout 2019 :         9,594

Septanb 2019 :       15,732

Oktob 2019 :   6,554

Novanb 2019:         12,895

desanb /Janvye 2020 :  24,358

​

TOTAL 158,297

Base/données: À propos
Base/données: À propos
bottom of page