top of page
certificat viande.png

Sètifika sou orijin vyann

Avèk aksyon pou fè aplike dispozisyon legal ki nan arete ministeryèl ki gen pou wè ak kontwòl abataj bèf, ki te pibliye nan jounal ofisyèl peyi a Â« Monitè Â» nan dat 4 dawout 2015, epi nan lide pou ranfòse kontwòl sanitè ak komèsyalizasyon vyann tout sòt zannimo nan peyi a(bèf, Kochon, Mouton ak kabrit), Ministè Lagrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral(MARNDR) ansanm ak Ministè Komès ak Endistri (MCI) te deside dispozisyon sa yo :

​

1.- Kontwolè ak enspektè abatwa MARNDR ki an fonksyon nan abatwa yo ap founi yon sètifika sou orijin chak lo vyann, nan lide pou asire ke vyann kap vann nan peyi a sòti nan yon zannimo yo te touye e ki te swiv yon kontwòl teknik enspektè MARNDR ki nan abatwa yo oubyen pwen abataj otorize yo.


2.- Ministè Komès ak Endistri fè egzijans ak founisè vyann ansanm ak kliyan li yo (sipèmache, restoran, otèl, mache piblik…) ki nan vann vyann an gwo ak an detay oubyen ki nan komès manje kwit, pou apwovizyone sèlman nan men founisè otorize yo.


3.- Founisè vyann yo gen obligasyon pou prezante epi remèt bay kliyan yo sètifika sou orijin lo vyann jounen an.


4.- Nan pwen kote yap vann vyann yo(sipèmache, restoran, mache piblik…) etablisman konsène sa yo dwe genyen yon fich resepsyon vyann ki prepare sou direksyon Ministè Komès ak Endistri. Fich sa dwe ranpli chak fwa gen resepsyon yon lo vyann ak orijinal  sètifika sou orijin vyann nan. Dokiman sa yo dwe rete nan achiv atablisman an pou kontwòl.

Certificat/viande: Services
bottom of page