top of page
33c43302-ab18-455a-887b-2ca068df0fb6.jpg

Kontwòl abataj

Leta ayisyen demare an 2013 yon sistèm kontwòl sanitè de baz ki kouvri 75% nan 300 pwen abataj bèt nan peyi a.

Contrôle/abattage: Services

Dispozisyon legal :
Kondisyon pou abataj bèt yo fèt

(Monitè, (2015) Arete sou règleman mekanis pou kontwole idantifikasyon, mouvman ak abataj cheptèl bèf, sa vle di bèf yo nan peyi a, 170èm lane No 146,p 6.)

Seksyon 1.- Modalite pou abataj bèt fèt


Atik 8.- Kèlkeswa moun nan ki vle antre oswa kontinye nan aktivite touye bèf, li fèt pou li genyen yon otorizasyon ki soti nan lameri lakomin kote l ap fè aktivite abataj la ki pèmèt li fè aktivite pwofesyonèl sa a.

​

 Atik 9.- Abataj bèf fèt pou li fèt nan labatwa sèlman oswa nan yon espas kote lalwa otorize pou sa. Otorite ki pou bay otorizayon sa a se lameri lakomin nan mete ansanm ak yon reprezantan depatmantal MARNDR ki mandate pou sa.

​

​

Seksyon 2.- Modalite pou kontwole abataj yo

​

Atik 10.- Tout kote nan peyi a, abataj bèf fèt pou fèt anba kontwòl teknik yon kontwolè veterinè ki gen manda MARNDR.

​

Atik 11.- Si pou abataj bèf fèt nan yon lakou kay prive, oswa nan espas kote y ap fè aktivite relijyon oswa lòt seremoni, fòk moun ki gen reskonsablite abataj la jwenn yon otorizasyon fòmèl nan men Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal (KASÈK) la oswa nan men lameri lakomin.

​

Lè konsa, KASÈK la oswa lameri a ki bay otorizasyon an, fèt pou li enfòme kontwolè veterinè a, dekwa pou li aplike regleman sanitè a sou bèt yo pral touye yo.

IMG_1757.jpg
Contrôle/abattage: À propos
bottom of page