top of page
IMG_4900.jpg

Idantifikasyon bèt ak kontwòl abataj


- Diminye volè bèt pou sekirize ak ogmante revni elevè yo;

- Komanse mete sou pye baz yon sistèm nasyonal trasabilite bèf yo;

- Konwole nan ki kondisyon sanitè abataj yo ap fèt.

​

​

Sistèm nan vin ofisyèl avèk arete ki piblye nan jounal ofisèl peyi Dayiti: Le Moniteur, no 146, jou ki te 4 dawout 2015




Accueil: À propos

Dokiman ak videyo enpotan sou sistèm nasyonal idantifakasyon ak kontwol abataj bèt yo nan peyi Dayiti


Accueil: À propos

Gen plis pase 1,200,000 bèf ak plis pase 485,000 mèt bèf ki anrejistre nan baz done enfomatize a, ki disponib chak jou, 24h/24 

​

( Aktyalize : fevrye 2020)

Idantifikasyon ak baz done yo

depi nqn lane 2013, ministè lagrikilti mete kanpe yon sistèm pou idantifye bèf avèk yon pè zanno epi yon kanè vaksinasyon ( sistèm nan  vin ofisyèl avèk arete ki piblye nan jounal ofisyèl peyi a: Monitè, no 146, 4 dawout 2015 ) sa ki pèmèt vòl bèf yo diminye rapidman

​

System sa mobilize plis pase 1000 ajan veterinè kominotè.

​

Pou rive nan mwa jen 2016, nou te rive idantifye 80% bèt nan peyi a. Nan mwa fevrye 2020 an, plis pase 1 200 000 bèf ak plis pase 485 000 mèt bèf deja anrejistre nan baz done enfòmatizea, ki disponib chak jou 24h/24


​


Kontwòl abataj

​

Leta ayisyen mete sou pye an 2013 yon sistèm pou konwole kondisyon sanitè abataj bèt yo.  Sistèm sa ta dwe kouvri 75% nan 300 pwen abataj bèt nan peyi a.

Otofinansman sistèm nan

 Ministè lagrikilti konfye jesyon operasyonèl, Teknik, lojistik ak finansyè sistèm nan ak Federasyon Nasyonal Pwodiktè Lèt Ayisyen (FENAPWOLA), ki gen pou devwa renouvle ak distribye materyèl (zanno, kanè…) ak mete ajou chak jou baz done bèt ki idantifye yo ak mèt bèt yo. 

Vaksinasyon ak kontwòl deplasman bèt yo

Se yon obligasyon pou vaksinen bèf yo kont maladi chabon.

​

Avèk Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal (MICT) epi FederasyonNasyonal KAZEK Dayiti (FENAKAH), yo te reyòganize sistèm lesepase pou kontwole mouvman bèt yo. 

Sètifika sou orijin vyann nan

Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal (MICT) pran kèk dispozitif pou adapte sètifika sou orijin vyann nan pou li ka enpoze komèsan vyann yo obligasyon pou yo apwovizyone yo nan men founisè ki gen vyann ki sot nan pwen abataj Ministè lagrikilti kontwole yo.

Referans ak kontak

Konsilte lis kwòdone aktè ki konsène nan jesyon system nasyonal idantifikasyon ak kontwòl abataj bèt yo, ak dokiman referans yo.

Accueil: Services
Accueil: Membres de l'Équipe

Si w ta vle jwenn plis enfòmasyon

Merci pour votre envoi !

IMG_0071_2.jpg
Accueil: Contact

Kontribisyon

7 contribution BRH CNSA UNIQ_edited_edited.jpg
Accueil: À propos
bottom of page