top of page
IMG_4900.jpg

Idantifikasyon bèt ak kontwòl abataj

  • Diminye volè bèt pou sekirize ak ogmante revni elevè yo

  • Komanse mete sou pye baz yon sistèm nasyonal trasabilite bèf yo

  • Konwole nan ki kondisyon sanitè abataj yo ap fèt

​

​

Sistèm nan vin ofisyèl avèk arete ki piblye nan jounal ofisèl peyi Dayiti:   Le Moniteur, no 146, le 4 août 2015

Accueil: À propos

Dokiman ak videyo enpotan sou Sistèm Nasyonal Idantifakasyon ak Kontwol Abataj Bèt yo nan peyi Dayiti

Gen plis pase 1,528,000 bèf ak plis pase 609,000 mèt bèf ki anrejistre nan baz done enfomatize a, ki disponib chak jou, 24h/24

(Mizajou: mwa me 2022)

IMG_0664.jpg

Idantifikasyon ak baz done

Depi nan lane 2013, ministè lagrikilti mete kanpe yon sistèm pou idantifye bèf avèk yon pè zanno epi yon kanè vaksinasyon ( sistèm nan  vin ofisyèl avèk arete ki piblye nan jounal ofisyèl peyi a: Monitè, no 146, 4 dawout 2015 ) sa ki pèmèt vòl bèf yo diminye rapidman

​

Sistèm sa mobilize plis pase 1000 ajan veterinè kominotè.

​

Pou rive nan mwa jen 2016, nou te rive idantifye 80% bèt nan peyi a. Nan mwa me 2022 an, plis pase 1 528 000 bèf ak plis pase 609 000 mèt bèf deja anrejistre nan baz done enfòmatizea, ki disponib chak jou 24h/24

33c43302-ab18-455a-887b-2ca068df0fb6.jpg

Kontwòl abataj

Leta ayisyen mete sou pye an 2013 yon sistèm pou konwole kondisyon sanitè abataj bèt yo.  Sistèm sa ta dwe kouvri 75% nan 300 pwen abataj bèt nan peyi a.

SIB anrejistreman KANE.jpg

Oto-finansman sistèm lan

Ministè lagrikilti konfye jesyon operasyonèl, Teknik, lojistik ak finansyè sistèm nan ak Federasyon Nasyonal Pwodiktè Lèt Ayisyen (FENAPWOLA), ki gen pou devwa renouvle ak distribye materyèl (zanno, kanè…) ak mete ajou chak jou baz done bèt ki idantifye yo ak mèt bèt yo.

IMG_1293.jpg

Vaksinasyon ak kontwòl deplasman bèt yo

Se yon obligasyon pou vaksinen bèf yo kont maladi chabon.

​

Avèk Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal (MICT) epi Federasyon Nasyonal KAZEK d Ayiti (FENAKAH), yo te reyòganize sistèm lesepase pou kontwole mouvman bèt yo. 

certificat viande.png

Sètifika sou orijin vyann nan

Ministè Komès ak Endistri  (MCI) pran kèk dispozisyon pou ekzije pou mèt makèt yo toujou egzije kèlkelanswa machann ki pote vyann pou vann, pou yo remèt  yo sètifika yo bay nan labatwa pou chak lo vyann. Se Sètifika sa a ki pou montre vyann soti nan pwen abataj Ministè lagrikilti kontwole yo.

IMG_8077.jpg

Referans ak kontak

Konsilte lis kòdone aktè ki konsène nan jesyon sistèm nasyonal idantifikasyon ak kontwòl abataj bèt yo, ak dokiman referans yo.

Accueil: Services

Mande plis enfòmasyon

Mèsi pou mesaj la !

IMG_0071_2.jpg

Kontribisyon yo

7 contribution BRH CNSA UNIQ_edited_edited.jpg
bottom of page